Fas a Fas
32 pages
Haitian; Haitian Creole

Vous pourrez modifier la taille du texte de cet ouvrage

Découvre YouScribe en t'inscrivant gratuitement

Je m'inscris

Découvre YouScribe en t'inscrivant gratuitement

Je m'inscris
Obtenez un accès à la bibliothèque pour le consulter en ligne
En savoir plus
32 pages
Haitian; Haitian Creole

Vous pourrez modifier la taille du texte de cet ouvrage

Obtenez un accès à la bibliothèque pour le consulter en ligne
En savoir plus

Description

Ti liv sa a, fèt pou ede tout moun ki li l konnen ke chak moun valab nan je Bondye e yo gen vo ak vale.

Sujets

Informations

Publié par
Date de parution 15 février 2016
Nombre de lectures 0
EAN13 9781506901107
Langue Haitian; Haitian Creole

Informations légales : prix de location à la page 0,0180€. Cette information est donnée uniquement à titre indicatif conformément à la législation en vigueur.

Extrait

FaS a FaS
V Pat Farquharson
Fas a Fas
Copyright ©2015 V Pat Farquharson

ISBN 978-1506-901-10-7 EBOOK - CREOLE
ISBN 978-1506-900-03-2 EBOOK – ENGLISH
ISBN 978-1506-900-73-5 EBOOK - SPANISH

December 2015

Published and Distributed by
First Edition Design Publishing, Inc.
P.O. Box 20217, Sarasota, FL 34276-3217
www.firsteditiondesignpublishing.com



ALL RIGHTS RESERVED. No part of this book publication may be reproduced, stored in a retrieval system, or transmitted in any form or by any means ─ electronic, mechanical, photo-copy, recording, or any other ─ except brief quotation in reviews, without the prior permission of the author or publisher.
Fas a Fas
obsève figi l 'nan yon glas (Jak 1:23 )

Nou tout Bezwen pou yo renmen nou e aksepte nou

Nou tout gen yon gwo dezi pou yo renmen nou e aksepte nou. Jèn moun yo, an patikilye, travay trè du pou ke yo santi ke kamarad yo aksepte yo. Gen kèk jèn ki cheche pou moun renmen yo e aksepte yo plis ke okenn lot bagay yo te ka bezwen.Se pa yon bagay ki etranj, pou yo santi yo ontijan dwol si ke yo pa fe pati yon gwoup.

Pou kèk moun, dezi yo genyen pou lot moun renmen yo e aksepte yo pi gro ke dezi pa lot moun. Ke dezi pou moun aksepte nou gro oswa piti nou tout ka dakò ke se yon bagay nou dwe bay enpòtans paske li ka fè nou santi’n byen ou mal. Panse sou kijan ou santi’w kontan lè yo fèw konpliman. Li satisfè bezwen ou genyen pou lòt moun dakò avèk ou ak aksepte ou.

Ou bezwen konsentman paran ou, kamarad ou, pwofesè’w, ak lòt moun ki enpòtan pou ou. Gen yon dezi ki lakayo ou pou moun rekonet ou e pou moun anbrase’w e baw valè. Lè dezi sa yo pa satisfè vinn ke yon anpechman nan devlopman total ou. Sa ap fe’w santi ke’w gen yon vid nan ou menm epi yon pakèt kesyon san repons.



Pou anpil nan nou, bezwen nou te genyen,pou yo aksepte ak renmen nou pa’t janm te satisfè nan anfans nou, adolesans nou, menm nan laj granmoun nou. Kisa ki rive nou lè nou rete san manje pandan lontan ? Nou santi nou grangou anpil. Pafwa kò nou konn telman bezwen manje ak dlo, nou konn vle satisfè bezwen sa ak nenpòt kalite manje oswa dlo. Sa gen plis chans rive lè bezwen pou moun renmen’n e aksepte pat janm satisfè pandan yon long tan. Nou konn telman bezwen santi ke yon moun renmen nou ke nou menm prè pou’n aksepte nenpòt vye renmen chalatan nou jwenn.

Natirèlman,vye renmen sa yo dire sèlman pou yon ti moman , epi kite nou pli grangou e swaf pou vrè lanmou an. Lè sa a, n’ale chèche ankò, men se pou echek anko. Sa vinn rann ke nou komanse santi nou kom yon rejte, yon pa vo anyen. Lè wap eksperimante jan de santiman sa yo se dyab la kap chèche atake’w. Li toujou atake ou ak santiman negatif nan moman ou pi fèb yo.

Sa ka rive ke ou kwè ke se ou ki lakoz yo rejte’w la. Ou ka panse ke se paske lòt moun pa renmen’w oswa aksepte ou. Petèt ou panse ke se ou lakòz pwoblèm fanmi ou. Ou kapab panse tou ke problèm lan se ou li ye. Lè ou pèmèt ke panse sa yo ranpli tèt ou wap met tèt ou nan pwoblèm. Dyab la pral montrew anpil rezon poul fèw kwè ke problèm nan se nan ou li ye.

Pa bliye ke dyab la se lènmi ou. Ou pap janm mande yon ennmi’w ki defo ou genyen.ou pa ka kwè sa dyab la diw. Pawòl Bondye a di nou ke se li ki lènmi nou. "Dyab la lenmi nou an ap veye nou tankou yon lyon ki move, kap chache moun pou l devore" (1 Pyè 5:8).
Kiyès mwen ye?
Nan laj adolesan se le ke kòw sibi chanjman fizik, sipkolojy, e emosyonèl. Ou kòmanse ap dekouvri ki moun ou reyèlman ye ak poukisa ou la. Pafwa chanjman sa yo ka twoublan men se yon prosesis ki gen anpil valè e ki kapab deklanche troub sou ki moun ou ye ak sou vre valè ou. Byen souvan troub sa yo negatif. Ou vin gen tandans ajoute troub sa yo sou bagay mal lot moun ka di sou ou. E sa ka vin fè ou wè tèt ou kòm yon pa itil, epi ou kòmanse rayi tèt ou.

Gen yon grand diferans ant vye imaj negatif nou gen de tèt e sa pawol Bondye di nou ye. Nan Bib lan nou jwenn : Ou pa manke fè bèl bagay (Sòm 139:14 ). Bondye renmen’w (Jan 3:16). Ata grenn cheve sou tèt nou, yo konte (Matye 10:30 ). Anvan ou te fòme, Bondye konnen’w. Anvan ou te fèt Bondye mete ou apa (Jeremi 1:5).

Promes sa yo se bon promes pou ou. Si ou aksepte verite ki soti nan Bondye de ou , ou pap janm santi ke’w son rejte ankò. Seyè Jezi Kris la, pi gro moun ki te janm mache sou latè a aksepte ou. Li te mete lamou li sou nou (Sòm 91:14 ).

Ou se yon moun trè spesyal tout bon. Ou " te kouwone ak lwanj, e respè " (Sòm 8:5 ). Pa gen okenn lòt moun sou latè ki gen menm karakteristik oswa menm anprent dwèt avèw . Bondye kreye ou nan bi pou ou fè lwanj li menm jan Jezi te fèl. Menm jan ak Jezi , ou ta dwe kapab di : "Mwen te ba Ou glwa sou tè sa" (Jan 17:4 ). Ou pa fèt san rezon ni pou’w fè tet ou plezi,men pou’w fè Bondye plezi nan tout sa li vle’w fè .

Ou te kreye pou’w viv pou tou tan. Kris achte ou sou bwa kalvè a lè li te mouri sou kwa a pou peche nou yo. "Men Bondye montre nou jan li renmen nou anpil, paske nou tap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou." (Women 5:8) .
Poukisa mwen sou tè a?

Ou pa sou tè a pa aksidan. Menm si paran’w te di ou ke ou se yon aksidan, oswa ke yo pat janm vle ou, se pa konsa Bondye wè egzistans ou sou tè a. Ou konnen yon bagay? Ou la paske Bondye ki gran anwo nan syèl la, Kreatè a te fè ou. Li te planifye pou ou te sou tè a. Li gen yon plan pou lavi’w. "Paske mwen konnen plan mwen gen pou ou yo, " Se mwen menm Seyè a kap pale, "Se byen nou mwen vle wè, pa malè nou. Plan ki ap ba ou lespwa pou demen" ( Jeremi 29:11 ).

Bondye ki te fòme ou. Li fè ou e li gen plan ki pi bon pou lavi ou. Bondye pa pral fòse ou dekouvri e swiv plan l yo. Ou ka chwazi viv nan limit objektif li oswa chwazi viv selon plan pa’w ki pa nan volonte Bondye.

Kesyon sou ki moun ou ye , poukisa ou isit la, ak ki kote ou prale ou ta dwe seten sou bagay sa yo. Lè ou konprann idantite’w ak objektif ou, ou pap janm doute de egzistans ou ankò nou sou rezon ki fè ou egziste. Eske ou te fèt akoz yon abi seksyèl ,tankou kadejak ? Ou pa’t fèt dan le maryaj ? Ou te fèt pandan paran w pral divòse? Eskew te fèt de paran ki damou?
Nan kèlkeswa sikonstans ou te fèt la, depi ou sou tè sa se paske Bondye vle ou sou tè a. Ou pa la akoz yon chanjman ,men pito ou se chwa Bondye. Ou se bon jan chwa Bondye a. Ou se yon moun espesyal, kreye nan imaj Bondye. " Lè sa a, Bondye te di, ' An’n fè moun, na fè li pòtre ak nou" ( Jenèz 1:26 ). Ou toujou rete pòtrè Bondye menm si ou menm oubyen lòt moun panse se pa vre.

  • Univers Univers
  • Ebooks Ebooks
  • Livres audio Livres audio
  • Presse Presse
  • Podcasts Podcasts
  • BD BD
  • Documents Documents